“NOU PAP OBEYI”

Vwa oganizasyon anndan Ayiti 
Nan refleksyon n fè sou lit pou vòt Dr. Martin Luther King te fè
ozetazini sa gen 50 lane; nan lit “one man one vote” kanmarad
Mandela yo te mennen an Afrikdisid; nan refleksyon sou lit divès
lòt pèp, nou wè pa gen pèp ki souvren si yo pa gen dwa vòt yo. Pa
gen pèp ki gen diyite si vòt yo pa konte. Jan Prezidan Aristide di:
“Sinoupasovediyiten,diyitenapsovekiten!”Sesakfènaplite
e nou mande solidarite tout pèp ki konn lite pou dwa vòt yo.

Sis lane apre goudougoudou ki te sakaje peyi an, kote plizyè santèn milye
Ayisyen mouri, noumenm, òganizasyon Ayisien, nan kad refleksyon
nou, n ap mete chapo n byen ba pou n di pèp toupatou sou planèt lan
ki te louvri kè yo ban nou, nou pa bilye zak solidarite yo. Elan pataj pèp
tout kote te manifeste, te dwe ide pèp Ayisyen rekonstwi anvironman

yo, rekonstwi lavi yo. Domaj! Jouk jounen jodi a, kondisyon pèp lan pa
chanje. Ki di plis, zago loray yo, kolon lokal yo, met tèt ansanm ak divès
òganizasyon entènasyonal pou fè dappiyanp sou kòb rekonstriksyon an.

Entènasyonal lan pwofite moman Pèp lan dezanpare an pou l okipe
espas politik lan. Jounen jodi a, se gwo batay pou pèp Ayisyen ka
ekzèse dwa vòt li. Sila yo ki fè dappiyanp sou èd lan vle anpeche pèp
lan chwazi moun li vle pou dirije peyi an, nan kad yon gwo konplo pou
yo kontinye koupe rache resous peyi a. Apre divès magouy ki wete pèp
lan nan ekwasyon politik lan, kolon lokal mete ak kolon entènasyonal
pou foure yon remèd chwal nan gòjèt pèp lan. Fo reprezan ak dirijan,
vini ak yon plan deposesyon ki agrese klas mwayèn ak sa k pi pòv

yo, jouk peyi an vanse depafini. Rezistans pèp lan ralanti avansman
machin laterè a, anpeche l deposede popilasyon an nèt ale, sa ki fòse
yo setoblije rapouswiv ak you lòt fo gouvèlman remèd chwal ankò.

Ekzanp maspinay gouvèlman an fè nan kad deposesyon ilavach, zak
maspinay sou moun Akayè, zak maspinay ki pa janm sispan pou pini
moun Site Solèy pase yo vle vote, divès zak maspinay ki fèt toupatou
nan peyi an nan kad vòlò tè oubyen vòlò vòt, pèp Ayisyen sèten li
nan yon lit inevitab pou ekzistans li. Nou di NON, NOU PAP OBEYI FO
DIRIJAN. Dwa lejitim defans, se dwa tout moun genyen pou pwoteje
tèt yo. Dwa reziste lòd ilegal, se dwa tout pèp genyen pou pwoteje

tèt li. Dwa chazi dirijan l, se dwa tout pèp genyen pou pwoteje tèt li.
Jounen jodi a, anfas danje kolon lokal ak kolon entènasyonal yo, pèp
Ayisyen antame yon REZISTANS POU EKZISTANS. Yo mande solidar-
ite tout pèp sou la tè. Plan malfektè kolon lokal ak kolon blan yo se
pa goudougoudou, men l kraze peyi an pi mal pase goudougoudou.

Eksperyans n ap fè depi si zan goudougoudou an pa diferan ak sa pèp ti
peyi ki gen resous fè. Entènasyonal ap piye, ap banbile, pandan medya
yo fèmen je yo, sou manti anbasadè ap fè sou non pèp. Lame k pare
pou kraze zo pèp lan, se òganizasyon eta Ameriken ki bannou l. Kolera
ak lapolis sanginè kowonpi an, se loni k bannou l. Medya bèbè, pan-
dan peyi a ap depafini. Nou di NON, NOU PAP OBEYI. Nou pap fouye
pwòp twou tonb nou. N ap di laverite, met kaka chat lan deyò. 

Oganizasyon ki siyen mesaj sa a

Action Nationale des Chauffeurs (ANC)

Aide Humanitaire

Alternative Syndicale pour le
Transport Moderne (ASTM)

APMS: Action des Paysans de Masson Sion

APTN: Association pour le
Développement Terre Noire

Association Professionelle des
Enseignants Haitiens pour l’Avancement
de l’Education (APEAE)

APSAB: Association Planteur Savane Dubois
Asosiyasyon Fanm Senlwidisid (AFS)
Asosiyasyon Fanm Vanyan Okay (AFVO)
Asosiyasyon Machann Aken (AMA)
Asosiyasyon Peyizan Gwomaren (APG)

BPN (Baz Popile Nord)

Baz Fanmi Lavalas Aken

Baz Fanmi Lavalas Anike

CEGBD

CHANJE LESON

CURO: Comité Usager Rodaille

COSCOB

CRCSPFL (Cellule de Reflexions des Cadres
Socio Professionnels de Fanmi Lavalas)

CUREH (Cercle Universitaire pour
le Renouveau d’Haiti)

DEMELE FANM

G.R. (Gwoup Refleksyon)

FAJEP (Fanm an Aksyon
pou Jistis ak Pwogre)

FANM LENTO

FANM WOZO

FASA

Groupe Alternative pour Petites et
Moyennes Entreprises (GRAPME)

Gwoupman Plante Senlwidisid (GPS)
JOFAP
Baz Fanmi Lavalas Kanperen
Baz Fanmi Lavalas Kavayon
Kodinasyon Peyizan Sid (KPS)

KPDS (Konbit Planteur pou Devlopman Sanyago)
KORE MAP KORE W
Le PHARE
Baz Fanmi Lavalas Maniche

MOFUP

MOJIDMA: Mouvement des Jeunes Intègres
pour le Développement de Marigot

Mouvement d’Opposition Citoyenne (MOC)
Mouvman Tet Kole Kavayon (MTKK)
OBMP
Oganizasyon Devlopman Solon (ODS)
Oganizasyon Fanm Vanyan (OFAV)
OGANIZASYON LEVE KANPE

OJFS
Baz Fanmi Lavalas Okay
Organisation 30 Septembre
OPG: Organisation Paysan de Grande Rivière
Organisation Sans Bloff (OSB)

OPDPS: Òganizasyon Pou
Devlopman Peyizan Sarazin

OPPB: Organisation Paysan Platon Blan

Plateforme Nationale des Syndicats
de Transports Fidele (PNSTF)

POGRES (Oganizasyon Planteur
pou Devlopman Sanyago)

Baz Fanmi Lavalas Port Salut

Pou Solèy Leve

Regroupement des Enseignants
Normalien Haitien (RENOH)

RFDP (Rasanbleman Fanm pou
Devlopman Petitans)

Rasanbleman Militan Pwogresis (RMP)

RASSINE (Rasanbleman Sitwayen
NORD AK NORD EST)

SDDC (Societe d’Encadrement pour le
Developpement Communautaire)

Baz Fanmi Lavalas Senlwidisid
Solidarite Jenn Kavayon (SJK)
SOPU- FANM pou FANM
S.O.S Transport Federee

Baz Fanmi Lavalas Tibiron

Baz Fanmi Lavalas Torbec

Union du Mouvement Syndical de
Transport Public (UMSTP)

UJDSB:Union des Jeunes pour le
Developpement Savane du Bois.